US economy

Wall Street mande gouvènman ameriken an debake ann Ayiti. Gouvènman ameriken an dakò.


Nan mwa jiyè 1915, yon gwoup moun ki an kòlè rale prezidan ayisyen an met deyò nan konsila fransè a epi yo touye l, youn nan aksyon politik Wall Street te pè yo. Gen kèk istoryen ki di sitiyasyon an te vin pi grav lè yo kenbe kòb yo te dwe bay gouvènman an ki te deja tou fèb epi pran lò peyi a.

Sòlda ameriken debake nan peyi a menm jou a.

Envazyon an suiv yon plan detaye Lamarin amerikèn te deja prepare depi ane pase. Sòlda ameriken yo pran kontwòl biwo prezidan an, yo pran kontwòl dwàn yo epi yo ranmase lajan moun peye sou sa yo enpòte ak sa yo espòte.

Ameriken yo enstale yon gouvènman pope twèl, epi distans sezon prentan rive Ayiti te gen tan siyen yon kontra pou Etazini gen tout kontwòl finans peyi a. Konseye ameriken yo kontwole tout lajan k ap antre epi se yo ki ni apwouve tout depans, ni rejte yo.

Lwa masyal vin tounen lwa peyi a. Yo met baboukèt nan bouch jounal prive yo epi yo met kèk jounalis nan prizon.

Ameriken di se paske Ewopeyen yo ta pral pran kontwòl Ayiti, Almay espesyalman, ki fè yo fè envazyon an.

Sekretè d Eta Lansing di: “Si Etazini pa t pran reskonsablite sa a, kèk lòt grann pisans t ap pran li.” Se Lansing ki te ranplase Bryan yon mwa anvan envazyon an.

Credit…Cannaday Chapman

Lansing te rasis, sa te avegle l tou. Yon lè li te ekri moun nwa “engouvènab,” yo gen “yon tandans pou yo retounen nan sistèm sovaj la epi pou yo jete chèn sivilizasyon an ki fè yo mal nan tout kò yo.”

Sistèm rasis la enfliyanse plizyè aspè nan okipasyon an. Anpil administratè peyi Etazini te bay gwo pozisyon nan gouvènman an te soti nan Eta ki nan pati sid peyi a epi yo pa t wont fè moun konnen lide yo te genyen sou sa k ap pase nan lemonn.

John A. McIlhenny, yon eritye fòtin sòs Tabasco nan Lwizyàn ki te batay nan rejiman Theodore Roosevelt la ki te rele ‘Rough Riders’ pandan lagè Panyòl kont Ameriken an, yo te ba li pozisyon konseye finansyè ameriken an 1919, epi l te gen anpil kontwòl sou bidjè Ayiti.

Nan youn nan dine ofisyèl yo te fè anvan yo te nonmen li, McIlhenny pa t kab sispann gade yon Minis ayisyen. Apre sa li di Franklin D. Roosevelt: “Nèg sa a si yo t ap vann li nan yon vant ozanchè yo t ap bay $1,500 dola pou li nan Nouvèl Òleyan an 1860 poutèt li byen kanpe.”

Credit…Cannaday Chapman

Tousuit apre okipasyon an, dirijan ameriken yo kòmanse fè wout ki konekte kèk zòn nan mòn ak kèk zòn pre lanmè. Pou yo fè sa, yo rekòmanse sistèm kòve a, se te yon lwa ayisyen 19yèm syèk sou kontra travay.

Lwa a te mande pou sitwayen travay sou yon pwojè devlopman piblik ki pre lakay yo pandan kèk jou pa ane olye yo peye enpo. Men lame Ameriken ansanm ak yon seri sòlda yo te antrene epi yo t ap jere, arete gason epi fòse yo travay lwen lakay yo san yo pa peye yo. Ayisyen ki te rich yo peye pou yo pa fè yo al travay, men lwa a te pran moun ki pòv yo nan pyèj.

Ayisyen yo wè sa tankou se nan lesklavaj yo te tounen ankò epi yo revòlte. Nèg a zam, yo te rele Kako, pati al nan mòn epi yo kòmanse yon rebelyon kont fòs ameriken yo. Travayè yo te fòse al nan kòve sove kite sòlda ki te vin pran yo a pou y al antre nan batay la.

Charlemagne Péralte, yon lidè Kako, raple revolisyon Ayiti kont Lafrans lan epi li lanse yon apèl bay konpatriyòt li yo pou yo “voye moun ki te anvayi peyi a yo nan lanmè.”

Men sa ki te make nan yon afich sou yon mi Pòtoprens: “Okipasyon sa a pase nou nan tenten nan tout sans.”

Yon afich make: “Viv endepandans.” Gen yon lòt ki make: “Aba Ameriken!”

Ameriken yo reyaji ak anpil fòs. Sòlda yo mare travayè yo ak kòd pou anpeche yo sove. Moun ki te eseye pati kite yon kòve yo te trete yo kòm moun ki t ap dezète, epi lame te tire anpil ladan yo. Kòm avètisman, sòlda lamarin yo touye Péralte epi yo distribiye foto li ki mare nan yon pòt, tankou yon moun yo krisifye.

Kèk dosye militè yo met deyò san otorizasyon nan epòk sa a montre “asasinen moun san rezon nan peyi a se yon bagay ki t ap fèt pandan lontan,” yo touye 3,250 Ayisyen. Lè Kongrè a kòmanse fè envestigasyon an 1921, lame ameriken desann chif la, yo di se 2,250 Ayisyen ki te pèdi lavi yo pandan okipasyon an. Leta Ayisyen denonse sa kòm yon chif ki twò ba. Te gen apeprè 16 sòlda Lamarin ameriken ki te mouri tou.

An 1936, Antoine Bervin, yon jounalis ayisyen ki te yon diplomat tou, ekri: “Se te yon rejim militè ki te sevè, se tonton Sam k ap fè ladènye.”

De twa premye ane envazyon an pa t regle anyen pou Ayiti ekonomikman. Konseye prezidan ameriken an te voye ann Ayiti yo pran jiska 5 pou san nan tout lajan Ayiti ranmase pou peye salè ak depans pa yo. Gen de fwa yo depanse plis pase sa yo t ap depanse nan swen sante pou tout peyi a.

An 1917, Etazini di Asanble Nasyonal Ayiti a pou yo ratifye yon nouvo konstitisyon pou yo otorize etranje posede tè nan peyi a. Depi apre endepandans lan, Ayisyen te fè sa ilegal pou etranje posede tè nan peyi a kòm yon senbòl libète yo epi pou kreye yon defans kont envazyon.

Lè palmantè ayisyen yo refize chanje konstitisyon an, Jeneral Butler disoud palman an ak sa yo rele “bon jan metòd Lamarin.” Sòlda yo rantre nan palman an, yo rale zam sou palmantè yo epi yo di yo ale. Ameriken yo fè yon nouvo konstitisyon Franklin Roosevelt swadizan di pi devan se li ki te ekri l ak men pa li.

Biznis ameriken anfèmen plizyè milye kawo tè pou fè jaden, yo fòse kiltivatè vin travay pou ti monnen nan peyi yo oswa pati al travay nan lòt peyi tou pre yo pou yo touche pi byen. Yon lè konpayi sik ayisyen ameriken ki te rele “Haitian-American Sugar Company” (HASCO) a t ap vante tèt li devan envestisè li yo nan di se 20 santim sèlman li peye travayè pou yon jounen travay ann Ayiti, konpare ak $1.75 dola nan Kiba.

Dapre istoryen ayisyen Suzy Castor, yo te peye timoun ak fi 10 kòb pa jou.

Kèk plantè te ale Kiba ak Repiblik Dominikèn, dapre kèk istoryen sa te deklannche efè ki te pi dire akòz okipasyon amerikèn nan: imigrasyon ayisyen an mas ale nan lòt peyi nan Amerik la.

Weibert Arthus, anbasadè Ayisyen Canada epi istoryen, li di: “Sa se yon gwo eritaj.”

Jan sekretè d Eta Bryan te sijere nan lèt li te ekri anvan envazyon an, Farnham pa t satisfè ak kontwòl yon pòsyon nan Bank Nasyonal d Ayiti a, poutèt sa li travay ak depatman d Eta pou l pran kontwòl peyi a nèt. An 1920, National City Bank achte tout aksyon bank nasyonal la pou $1.4 milyon dola, pou l ranplase Fransè yo kòm pouvwa finansyè ki domine ann Ayiti.

Avèk kontwòl Bank Nasyonal d Ayiti a, ak lame k ap pwoteje enterè ameriken, Farnham kòmanse aji tankou yon anvwaye ofisyèl, anpil fwa se abò kèk bato lagè li te konn vwayaje, dapre kèk istoryen.

James Weldon Johnson, sekretè egzekitif Asosiyasyon Nasyonal pou Avansman Moun Nwa, ki vizite Ayiti an 1920, ekri: “Pawòl Mesye Farnham pi enpòtan pase pawòl nenpòt moun nan zile a.”

Farnham pa t pè di sa l gen pou l di sou Ayiti ak sou pèp ayisyen an.

Men sa l te di kèk senatè ki t ap fè rechèch sou okipasyon an “Ou kab montre Ayisyen an kouman pou l travay byen ak kouman pou l bay bon rannman.” Pi devan li di: “Si chèf militè yo kite Ayisyen an repo l ap ret an pè tankou yon timoun piti, epi li p ap fè okenn dega.”

Li ajoute: “Dayè, se pa lòt bagay, yo se yon bann timoun ki gen kò granmoun.”



READ SOURCE

Leave a Reply

This website uses cookies. By continuing to use this site, you accept our use of cookies.